Lekòl Piblik-yo Nan St. Lucie

Application for 21st Century Community Learning Center Program

Y-ap ofri pwogram sa-a bay pitit ou-a pou amelyore konpetans li nan matematik, lekti, ekriti, ak syans. Pwogram nan aprè lekòl pral konpoze de pwojè ki baze sou aprantisaj k-ap enkòpore akademik avèk aktivite andeyò pwogram regilye-yo/anrichisman pèsonèl. Yo pral anseye Lekti, Ekriti, ak “STEM” (Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik) atravè pwojè ki baze sou aprantisaj.  Elèv-yo pral travay tèt ansanm nan mennen envestigasyon, rechèch, ak anplwaye konpetans yo te aprann nan “21st Century” nan bi pou konplete yon varyete de pwojè pandan tout ane-a.  Yo pral founi elèv tou tan pou travay sou devwa lakay ak patisipe nan aktivite andeyò pwogram regilye-yo tankou espò, atizay, leson patikilye, ak aktivite mentò.
Yon ti goute pral sèvi chak jou pwogram san koute paran / elèv (yo). Pwogram lan limite ak aplikasyon yo aksepte sou yon premye vini premye sèvi. Si nimewo nou yo pi plis pase nou kapab akomode, yo pral mete pitit ou sou yon lis datant. Tanpri pote atansyon a règ-yo ki nan lis anba-a:
  • Nou pral founi transpòtasyon pou elèv-yo k-ap patisipe nan Pwogram Ete-a. Si pitit ou-a ap mache vin lekòl, tanpri voye yon nòt ki endike sa.
  • Si pitit ou-a siyen pou pwogram nan, prezans-li obligatwa amwenske li absan lekòl jou sa-a. Elèv-yo dwe pote yon nòt ki sòti de paran-yo lè yo absan.
  • Yo p-ap pèmèt okenn elèv pou kite lakou lekòl-la san yon notifikasyon alekri (de paran-l) pou koòdonatè-a.  Paran-yo pral bezwen pou siyen nan ofis la pou sòti ak elèv-yo pi bonè.
  • Elèv-yo mare avèk Kòd de Kondwit Elèv ki nan Lekòl Piblik-yo nan St Lucie pandan patisipasyon yo nan “21st CCLC”.  https://www.stlucie.k12.fl.us/pdf/CodeofConduct-Creole.pdf
  • Konpòtman endisipline pral lakòz tèminasyon ou de pwogram nan -- pa gen okenn eksepsyon. Elèv-yo dwe respekte kamarad-yo, manm fakilte ak anplwaye.
  • lèv yo dwe ranmase nan tan espesifye ki anba a chak swa.  Aprè twa (3) vin chèche anreta, yo pral tèmine-yo de pwogram nan.

Aplikasyon pou Pwogram "21st Century"


Mwen te li konplètman epitou diskite kondisyon ak regleman-yo ki sou devan ak nan do aplikasyon sa-a avèk pitit mwen-an epitou mwen pral sipòte sa pandan tout ane-a.  Mwen konprann ke mwen dwe vin chèche pitit mwen-an alè chak jou.  Aprè twa (3) vin chèche anreta, yo andwa tèmine-l de pwogram nan.

OTORIZASYON POU BAY ENFÒMASYON

Mwen dakò pou yo bay  enfòmasyon sa-yo sou pitit mwen-an (Si mwen pa tcheke NON sa ka lakòz yo bay enfòmasyon sou pitit mwen-an):